KESYON MOUN POZE SOUVAN FREQUENTLY ASKED QUESTIONS (FAQ)

MANM NAN YON KONSÈY

Kisa yon manm CEC fè?

Manm CEC a gen devwa ak responsablite sa yo:

  • Ankouraje aplikasyon nòm ofisyèl edikasyon ak objektif ki gen rapò avèk enstriksyon elèv;
  • Patisipe nan trening ak pwogram edikasyon apre segondè
  • Apwouve limit fontyè lekòl ke sipèentandan an soumèt
  • Prepare ak pibliye yon rapò sou lekòl ki gen ladan pèfòmans akdemik ak fiskal distri lekòl la
  • Kontwole pwogram edikasyon distri a epi evalye efè yo sou rezilta elèv
  • Òganize reyinyon omwen chak mwa avèk sipèentandan an ak piblik la anjeneral pou diskite sitiyasyon aktyèl lekòl yo nan distri a.
  • Kenben kontak avèk SLT yo epi ba yo èd
  • Ranpli yon fòmilè pou deklarasyon finansye Annual Financial Disclosure chak ane ;
  • Diskite sou chwa yon sipèentandan kominotè
  • Konseye Chanselye ak komit Vil la konsènan pwoblèm onivo distri a.
  • Soumèt yon evalyasyon anyèl sipèentandan an ba Chanselye a
  • Fè yon reyinyon piblik nan kolaborasyon avèk chanselye a, chanselye adjwen an oswa reprezantan chanselye a jan lalwa mande l

Kisa yon manm Konsèy vil fè?

Manm konsèy vil la gen devwa ak responsablite sa yo:

  • Bay konsèy ak kòmantè sou regleman edikasyon oswa regleman edikatif ki gen ladan kominote elèv konsèy la reprezante
    • Pou CCHS - elèv nan lekòl segondè
    • Pou CCELL - elèv ki nan pwogram bileng oswa pwogram anglè kòm dezyèm lang English as a Second LanguageESL
    • Pou CCSE –elèv ki gen andikap
    • Pou Konsèy D75 - elèv ki nan lekòl D75
  • Pibliye yon rapò anyèl sou efikasite distri vil la nan fason li ofri kominote elèv Konsèy la reprezante a sèvis.
  • Òganize omwen yon reyinyon chak mwa kote piblik la envite pou diskite pwoblèm gwoup elèv ke Konsèy la reprezante ap konfwonte.

Ki valè tan m ap gen pou angaje mwen kòm manm yon Konsèy?

  • Konsèy yo sipoze patisipe nan reyinyon ki fèt chak mwa avèk sipèentandan an epi ak piblik la. Anplis, n ap ankouraje manm yo seryezman pou yo patisipe nan vizit lekòl la fè ak nan fowòm piblik yo kote y ap vin gen plis enfòmasyon konsènan pwoblèm elèv lekòl leta NYC ap konfwonte.

Èske gen penalite poutèt mwen rate reyinyon konsèy la?

  • Wi. Si yon manm Konsèy la gen plis pase 3 absans ki pa motive, li abandone pòs li la ofisyèlman.

Èske yo peye manm Konsèy yo?

  • Non, manm Konsèy yo ofri sèvis kòm volontè. Men, yo ka ranbouse kèk depans.

Kilè manda nouvo manm Konsèy la ap kòmanse?

  • Nouvo manda pou manm Konsèy yo ap kòmanse ofisyèlman 1ye jiyè 2013.

Konbyen tan manm Konsèy yo sipoze ofri sèvis yo?

  • Manda pou manm Konsèy yo dire dezan.

Èske y ap antrene manm Konsèy yo pou wòl y ap gen pou jwe a?

  • Wi, manm Konsèy yo sipoze patisipe nan trening premye twa mwa manda yo. Trening yo fèt pou enfòme manm yo sou konpetans yo, fonksyon yo ak responsablite yo, epitou sou pouvwa yo genyen sou lòt otorite ki responsab edikasyon piblik. Metsousa, sesyon trening yo sèvi pou familyarize manm Konsèy yo avèk estrikti Depatman Edikasyon Department of Education (DOE) ak fason pou jwenn enfòmasyon ak resous. Manm Konsèy yo oblije patisipe tou nan pwogram continuing education ki pou mete yo okouran pwoblèm k ap afekte administrasyon lekòl leta. Se Divizyon Fanmi ak Angajman Kominote Division of Family and Community Engagement (FACE).