KESYON MOUN POZE SOUVAN FREQUENTLY ASKED QUESTIONS (FAQ)

KONSÈY EDIKASYON

Kisa yon Konsèy kominotè pou Edikasyon Community Education Council (CEC)ye?

CEC yo se komite konsiltatif pou règleman sou edikasyon ki gen responsablite kontwole ak evalye pwogram ansèyman lekòl yo, apwouve limit fwontyè lekòl yo, epi konseye Chanselye a. CEC yo jwe yon wòl enpòtan nan mizanplas règleman edikasyon pou lekòl leta nan Vil Nouyòk . Chak CEC gen nèf paran volontè yo eli ki bay lidèchip pratik ak sipò pou lekòl leta nan kominote a, de rezidan ak/oswa de lidè biznis nan zòn lan prezidan borough a nome ak yon elèv lekòl segondè ki nan 12yèm ane ki abite nan distri a men ki pa gen dwa vote. Manm Konsèy la òganize reyinyon omwen chak mwa avèk sipèentandan an ak piblik la anjeneral pou diskite sitiyasyon aktyèl lekòl yo nan distri a.

Konbyen CEC ki genyen?

Gen 32 CEC nan Vil Nouyòk. Chak CEC kouvri yon distri lekòl kominotè ki reprezante elèv klas matènèl-8yèm ane nan distri a.

Kisa yon CEC ye?

CEC yo se komite konsiltatif pou règleman sou edikasyon ki reprezante enterè elèv lekòl segondè (Konsèy vil la pou lekòl segondè Citywide Council on HIgh Schools (CCHS), Elèv k ap aprann lang angle English Language Learners (ELL) (Konsèy vil la pou elèv k ap aprann lang angle Citywide Council on English Language Learners (CCELL), ak elèv Edikasyon espesyal (Konsèy Vil la pou Edikasyon Espesyal Citywide Council on Special Education (CCSE) ak Konsèy Distri 75). Konsèy sa yo responsab pou konseye ak diskite sou règleman edikasyon konsènan kominote elèv ke Konsèy yo reprezante, pou pibliye yon rapò anyèl sou efikasite Distri Vil la pou ofri sèvis ba kominote elèv yo reprezante a, epi pou òganize omwen yon reyinyon chak mwa kote piblik la ka patisipe ak diskite sou pwoblèm ke kominote elèv yo reprezante a ap konfwonte.

Konbyen Konsèy pou Vil ki genyen?

Gen kat Konsèy pou Vil. Gen CCHS, CCELL, CCSE, ak Konsèy D75.