KONSÈY LEKÒL SEGONDÈ VIL LA CITYWIDE COUNCIL ON HIGH SCHOOLS (CCHS)

Kisa CCHS la fè?

  • Li bay konsèy ak fè kòmantè sou règleman edikasyon oswa regleman enstriksyon ki gen pou wè avèk elèv nan lekòl segondè.
  • Pibliye yon rapò anyèl sou efikasite distri vil la nan fason li ofri kominote elèv lekòl segondè sèvis.
  • Fè omwen yon reyinyon pa mwa pou tout piblik la kote piblik la ka diskite pwoblèm elèv lekòl segondè genyen.

Konbyen manm ki gen nan CCHS la?

  • Dis(10)paran elèv( de (2) nan chak borough), ki gen pitit nan lekòl segondè leta nan borough ke paran an reprezante a).
  • Yon (1) manm ke CCSE a nome;
  • Yon (1) manm ke CCELL nonmen;
  • Yon(1)manm Defansè piblik la nome; ak
  • Yon(1)elèv 12yèm ane ki pa gen dwa vote epi ki se yon lidè yo eli nan lekòl segondè li ye a.

Kilè yo detèmine eligibilite?

Yo detèmine elijiblite apati dat paran an soumèt yon aplikasyon pou l poze kandida pou yon pòs nan CCHS la.

Ki borough m ap elijib pou m reprezante nan CCHS la?

Aplikan ki elijib yo ap parèt sou bilten vòt la pou borough kote pitit yo ale nan lekòl segondè pou moman an.

E si mwen gen pitit ki nan plizyè lekòl segondè nan borough yo?

Kandida ki elijib ki gen pitit nan lekòl segondè leta nan diferan borough, ap parèt nan bilten vòt chak borough kote li gen pitit nan lekòl segondè. Aplikan yo dwe klase yo nan aplikasyon an, nan lòd yo pi pito, ki borough yo ta renmen reprezante. Si yo chwazi l, aplikan an ap reprezante borough li te mete anpremye nan aplikasyon an.

Kòman ak kilè mwen ka aplike kòm manm nan CCHS?

Pandan Pwosesis seleksyon 2013 la, ou ka aplike pou vin manm nan CCHS LA A (nan dat 13 fevriye 2013 oswa apre). Pwosesis aplikasyon an ap fini 13 mas a 11:59 pm. Pou moun ki pa gen yon konpitè pèsonèl, Division of Family and Community Engagement (FACE) ap bay enfòmasyon sou fason moun ka jwenn konpitè nan biwo FACE la, nan biwo distri bò lakay yo ak nan lekòl yo ak nan bibliyotèk piblik yo.