KESYON MOUN POZE SOUVAN FREQUENTLY ASKED QUESTIONS (FAQ)

ELIJIBLITE

KIYÈS KI KA MANM NAN KONSÈY EDIKASYON YO?

Kiyès ki ka manm nan yon CEC?

Nèf(9)paran elèv ki nan nan klas matènèl rive 8yèm ane ki nan yon lekòl nan jiridiksyon distri lekòl kominote kote paran yo vle vin manm nan CEC a.

  • Nan pòs nèf paran manm nan CEC a, yon paran IEP omwen dwe nan yon pòs, epi yon paran ELL omwen dwe nan yon pòs. Yo ka mete nenpòt lòt paran ki elijib nan lòt sèt pòs yo.

Kiyès ki ka manm nan CCSE a?

Nèf paran elèv ki gen IEP k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal nan moman an ke Depatman Edikasyon Department of Education(DOE) ofri ak/oswa peye.

Kiyès ki ka manm nan CCHS a?

Dis(10)paran elèv de (2) nan chak borough), ki gen pitit nan lekòl segondè leta nan borough ke paran an reprezante a.

Kiyès ki ka manm nan konsèy distri 75?

Nèf(9)paran elèv k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal nan moman an nan yon lekòl dostri 75.

Kiyès ki ka manm nan CCELL la?

Nèf(9)paran ki gen yon elèv nan yon pwogram bileng oswa ESL(“ elèv ELL”) nan moman an.

Kiyès ki pa ka manm nan Konsèy sa yo?

  • Moun yo eli nan yon pòs leta oswa moun yo nome oswa eli nan pòs yon pati (eksepte delege oswa delege altènatif nan yon kongrè nasyonal, yon kongrè leta, yon kongrè jidisyè, oswa kongrè yon lòt pati, oswa manm nan yon komite rejyonal county);
  • Anplwaye k ap travay pou DOE nan moman an
  • Moun yo te kondane pou yon krim
  • Yo te kondane pou nenpòt krim ki gen rapò dirèk avèk sèvis yo nan yon konsèy edikasyon, komite egzekitif lekòl kominotè Community School Board, PA/PTA, Ekip lidèchip lekòl School Leadership Team (SLT), Konsèy prezidan distri District Presidents’ Council, Konsèy lekòl segondè Borough High School Council oswa komite Tit I
  • Moun yo te revoke nan yon konsèy edikasyon, nan Community School Board, PA/PTA, SLT, District Presidents’ Council, Borough High School Council oswa nan komite Tit I pou yon zak malonèt ki gen rapò dirèk avèk sèvis yo nan konsèy sa a, komite sa a, asosyasyon sa a, nan ekip oswa komite sa a
  • Moun ki manm nan yon lòt CEC, CCHS, CCELL, CCSE oswa nan Konsèy Distri 75
  • Manm Komite pou Règleman sou edikasyon Panel for Education Policy (PEP)
  • Moun ki gen yon konfli enterè, jan Responsab etik DOE DOE Ethics Officer oswa yon lòt reprezantan Chanselye a deside l dapre Lwa sou konfli enterè Vil Nouyòk

Kilè yo detèmine eligibilite?

  • Yo detèmine elijiblite apati dat paran an soumèt yon aplikasyon pou l poze kandida pou yon pòs nan yon konsèy edikasyon.