KESYON MOUN POZE SOUVAN FREQUENTLY ASKED QUESTIONS (FAQ)

PWOSESIS APLIKASYON

Kòman m ka aplike pou vin manm nan yon Konsèy?

  • Ou ka aplike sou entènèt apati 13 Fevriye 2013. Pwosesis aplikasyon an ap fini 13 mas a 11:59 pm. Pou moun ki pa gen yon konpitè pèsonèl, Division of Family and Community Engagement (FACE) ap bay enfòmasyon sou fason moun ka jwenn konpitè nan biwo FACE la, nan biwo distri bò lakay yo ak nan lekòl yo ak nan bibliyotèk piblik yo.
  • Pou aplike pou vin manm nan yon Konsèy Edikasyon pou kominote Community Education Council (CEC), klike LA A (nan dat 13 fevriye 2013 oswa apre). Asire w itilize lis ki egziste deja a drop down bar pou di nan ki CEC ou ta renmen vin manm!
  • Pou aplike pou vin manm nan yon Konsèy Vil la, klike LA A (nan dat 13 fevriye 2013 oswa apre). Asire ke w presize nan ki konsèy vil ou ta renmen vin manm!
  • Sonje si w vle aplike pou vin manm nan yon CEC ak nan yon Konsèy Vil, ou dwe ranpli de(2)fòmilè aplikasyon separe.

Konbyen tan li pran pou ranpli fòmilè aplikasyon pou Konsèy la?

  • Kantite tan pou ranpli fòmilè aplikasyon pou Konsèy la se apeprè 25 - 30 minit.

Èske mwen ka aplike pou vin manm nan plizyè Konsèy?

  • Wi, paran ki enterese ka aplike pou vin manm nan plizyè Konsèy. Sepandan, paran yo ka manm nan yon sèl konsèy. Paran ki aplike pou vin manm nan plizyè Konsèy dwe klase chak Konsèy yo ta renmen vin manm yo nan lòd yo pito yo.

E si yo chwazi mwen pou m vin manm nan nan plizyè Konsèy?

  • Paran ki aplike pou vin manm nan plizyè Konsèy dwe klase chak Konsèy yo ta renmen vin manm yo nan lòd yo pito yo. Lè yo chwazi yon paran pou l vin manm nan plizyè Konsèy, y ap mete paran an nan nan Konsèy li te klase anpremye a pami Konsèy yo.

Kisa Fowòm kandida yo ye?

  • Fowòm kandida yo se yon okazyon pou kandida yo rankontre ak pale avèk paran ak selektè yo chwazi nan kominote a pou yo diskite rezon ki fè yo ta dwe chwazi yo kòm manm nan yon konsèy edikasyon.

Èske kandida yo oblije patisipe nan fowòm kandida yo?

  • Non.Men, n ap ankouraje seryezman kandida yo pou yo patisipe. Fowòm yo ofri opòtinite pou kandida yo pale avèk kominite a dirèkteman epi pou yo di poukisa yo panse yo dwe chwazi yo kòm manm nan yon konsèy.

Anplis aplike kòm kandida, èske gen lòt fason pou paran patisipe nan pwosesis seleksyon pou Konsèy yo?

  • Wi, gen divès fason pou paran patisipe. Ou ka ede rekrite lòt kandida pou aplike pou Konsèy yo; patisipe epi epi poze yo kesyon pandan Fowòm kandida yo nan fen mwa Avril la; ede kandida ou sipòte yo fè kanpay ; epi ankouraje selektè paran pa w yo vote pou kandida ou sipòte yo pandan vòt selektè yo.