Konsèy Distri 75 (D75)

Kisa D75 fè?

  • Li bay konsèy ak fè kòmantè sou règleman edikasyon oswa regleman enstriksyon ki gen pou wè avèk elèv nan lekòl distri 75.
  • Pibliye yon rapò anyèl sou efikasite distri vil la nan fason li ofri elèv lekòl distri 75 sèvis.
  • Fè omwen yon reyinyon pa mwa pou tout piblik la kote piblik la ka diskite pwoblèm elèv lekòl distri 75.

Konbyen manm ki nan konsèy distri 75 la?

  • Nèf(9)paran elèv k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal nan moman an nan yon lekòl distri 75;
  • De (2) moun ke Defansè piblik la nonmen ki gen eksperyans ak/oswa eksperyans ak/oswa konesans nan domèn edikasyon, trening oswa anplwaye moun ki gen andikap; ak
  • Yon (1) elèv dènye ane lekòl segondè ki pa ka vote ki nan lekòl distri 75.

Kilè yo detèmine eligibilite?

Yo detèmine elijiblite apati dat paran an soumèt yon aplikasyon pou l poze kandida pou yon pòs nan konsèy D75.

Kòman ak kilè mwen ka aplike kòm manm nan konsèy distri 75?

Pandan Pwosesis seleksyon 2013 la, ou ka aplike pou vin manm nan konsèy distri 75 LA A (Nan dat 13 fevriye 2013 oswa apre). Pwosesis aplikasyon an ap fini 13 mas a 11:59 pm. Pou moun ki pa gen yon konpitè pèsonèl, Division of Family and Community Engagement (FACE) ap bay enfòmasyon sou fason moun ka jwenn konpitè nan biwo FACE la, nan biwo distri bò lakay yo ak nan lekòl yo ak nan bibliyotèk piblik yo.