Pwosesos Seleksyon An Kalandriye

Sesyon Enfòmasyon

Èske w enterese pou fè pati yon Konsèy Edikasyon? Èske w bezwen gen plis enfòmasyon sou responsablite yon Konsèy Edikasyon? Ki travay yo? Vin patisipe nan yon Sesyon Enfòmasyon!

  • 27 novanm 2012
    • Sesyon Enfòmasyon nan Queens: Queens Borough Hall, 6-8 pm.
    • 120-55 Queens Boulevard, New York, NY 11415
    • Se Biwo Prezidan Borough Queens lan ak Depatman Edikasyon Vil Nouyòk k ap òganize sesyon sa a.
  • 29 novanm 2012
    • Sesyon enfòmasyon nan Bronx: 6-8 pm..
    • Bronx Museum of the Arts: 1040 Grand Concourse Bronx, NY 10456
    • Se Biwo Prezidan Borough Bronx lan ak Depatman Edikasyon Vil Nouyòk k ap òganize sesyon sa a.
  • 5 décembre 2012
    • Sesyon Enfòmasyon nan Brooklyn: Brooklyn Borough Hall, 6-8 pm.
    • 209 Fulton Street, Brooklyn, NY 11201
    • Se Biwo Prezidan Borough Brooklyn lan ak Depatman Edikasyon Vil Nouyòk k ap òganize sesyon sa a.
  • 24 Janvye 2013
    • Sesyon Enfòmasyon nan Brooklyn: Brooklyn Borough Hall, 6-8 pm.
    • 209 Joralemon Street, Brooklyn, NY 11201
    • Se Biwo Prezidan Borough Brooklyn lan ak Depatman Edikasyon Vil Nouyòk k ap òganize sesyon sa a.

Aplike pou fè pati yon Konsèy Edikasyon?

  • 13 fevriye 2013
    • Moun k ap aplike ka kòmanse ranpli aplikasyon pou Konsèy Edikasyon an sou entènèt, oswa yo ka mande yon aplikasyon papye pou yo soumèt.
  • 27 mas 2013 a 11:59 pm.
    • Delè pou soumèt yon aplikasyon pou Konsèy Edikasyon.

Fowòm pou kandida

  • 8 avril 2013 – 25 avril 2013
    • Y ap fè kandida yo konnen kibò ak kilè y ap òganize fowòm kandida yo. Byenke fowòm kandida yo pa obligatwa, yo se pi bon opòtinite pou kandida rankontre avèk moun ki pral fè seleksyon yo ak paran nan kominote yo.

Vòt moun k ap fè seleksyon yo

  • 1ye me 2013 – 14 me 2013 , 11:59 pm
    • Moun yo chwazi pou fè seleksyon yo ap vote pou yo seleksyone manm Konsèy Edikasyon pou manda 2013-2015 lan. Nan kèk ka, li ka nesesè pou fè yon dezyèm tou eleksyon apre 14 me 2013.

* Sonje ke yo ka chanje dat yo. Tcheke ankò souvan pou mizajou nan enfòmasyon yo kòm y ap ajoute plis aktivite ak detay nan kalandriye a.