KONSÈY VIL LA POU ELÈV K AP APRANN LANG ANGLE ENGLISH LANGUAGE LEARNERS (CCELL)

Kisa CCEL la fè?

  • Bay konsèy ak fè kòmantè sou règleman edikasyon oswa enstriksyon ki gen pou wè avèk pwogran Anglè kòm dezyèm lang.
  • Pibliye yon rapò anyèl sou efikasite distri vil la nan fason li ofri kominote elèv ki nan pwogram bileng oswa pwogram ESL sèvis.
  • Fè omwen yon reyinyon pa mwa pou tout piblik la kote piblik la ka diskite pwoblèm elèv nan pwogram bileng oswa pwogram ESL genyen.

Konbyen manm ki gen nan CCELL la?

  • Nèf(9)paran ki gen yon elèv nan yon pwogram bileng oswa ESL(“ elèv ELL”) nan moman an.
  • De (2) moun ke Defansè piblik la nonmen ki gen eksperyans ak/oswa konesans nan ansèyman ELL; epi
  • Yon (1) elèv dènye ane lekòl segondè ki pa ka vote epi k ap resevwa sèvis pou ELL.

Kilè yo detèmine eligibilite?

Yo detèmine elijiblite apati dat paran an soumèt yon aplikasyon pou l poze kandida pou yon pòs nan CCELL la.

Kòman ak kilè mwen ka aplike kòm manm nan CCELL?

Pandan Pwosesis seleksyon 2013 la, ou ka aplike pou vin manm nan CCELL LA A (nan dat 13 fevriye 2013 oswa apre). Pwosesis aplikasyon an ap fini 13 mas a 11:59 pm. Pou moun ki pa gen yon konpitè pèsonèl, Division of Family and Community Engagement (FACE) ap bay enfòmasyon sou fason moun ka jwenn konpitè nan biwo FACE la, nan biwo distri bò lakay yo ak nan lekòl yo ak nan bibliyotèk piblik yo.