Konsèy Edikasyon Kominote Community Education Council (CEC)

Kisa yon Konsèy kominotè pou Edikasyon Community Education Council (CEC)ye?

CEC yo se komite konsiltatif pou règleman sou edikasyon ki gen responsablite kontwole ak evalye pwogram ansèyman lekòl yo, apwouve limit fwontyè lekòl yo, epi konseye Chanselye a. CEC yo jwe yon wòl enpòtan nan mizanplas règleman edikasyon pou lekòl leta nan Vil Nouyòk . Chak CEC gen nèf paran volontè yo chwazi ki bay lidèchip pratik ak sipò pou lekòl leta nan kominote a, de rezidan ak/oswa de lidè biznis nan zòn lan prezidan borough a nome ak yon elèv lekòl segondè ki nan 12yèm ane ki abite nan distri a men ki pa gen dwa vote. Manm Konsèy la òganize reyinyon omwen chak mwa avèk sipèentandan an ak piblik la anjeneral pou diskite sitiyasyon aktyèl lekòl yo nan distri a.

Konbyen CEC ki genyen?

Gen 32 CEC nan Vil Nouyòk. Chak CEC kouvri yon distri lekòl kominotè ki reprezante elèv klas matènèl-8yèm ane nan distri a.

Konbyen manm ki gen nan yon CEC?

  • Nèf(9)paran elèv ki nan nan klas matènèl rive 8yèm ane ki nan yon lekòl nan jiridiksyon distri lekòl kominote kote paran yo vle vin manm nan CEC a.
  • De(2) rezidan ak/oswa de pwopriyetè biznis prezidan borough a nome; ak
  • Yon(1)elèv 12yèm ane ki pa gen dwa vote ki abite nan distri a epi ki se yon lidè yo eli nan lekòl segondè li ye a.

Kilè yo detèmine eligibilite?

Yo detèmine elijiblite apati dat paran an soumèt yon aplikasyon pou l poze kandida pou yon pòs nan CEC a.

Kòman ak kilè mwen ka aplike kòm manm nan CEC?

Pandan Pwosesis seleksyon 2013 la, ou ka aplike pou vin manm nan yon CEC LA A(nan dat 13 fevriye 2013 oswa apre). Pwosesis aplikasyon an ap fini 27 mas a 11:59 pm. Pou moun ki pa gen yon konpitè pèsonèl, Division of Family and Community Engagement (FACE) ap bay enfòmasyon sou fason moun ka jwenn konpitè nan biwo FACE la, nan biwo distri bò lakay yo ak nan lekòl yo ak nan bibliyotèk piblik yo.