KONSÈY EDIKASYON ESPESYAL VIL LA CITYWIDE COUNCIL ON SPECIAL EDUCATION (CCSE)

Kisa CCSE a fè?

  • Li bay konsèy ak fè kòmantè sou règleman edikasyon oswa regleman enstriksyon ki gen pou wè avèk elèv ki gen andikap.
  • Pibliye yon rapò anyèl sou efikasite distri vil la nan fason li ofri kominote elèv ki gen andikap sèvis.
  • Fè omwen yon reyinyon pa mwa pou tout piblik la kote piblik la ka diskite pwoblèm elèv ki gen andikap genyen.

Konbyen manm ki gen nan CCSE a?

  • Nèf paran elèv ki gen IEP k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal nan moman an ke Depatman Edikasyon Department of Education(DOE) ofri ak/oswa peye.
  • De (2) moun ke Defansè piblik la nonmen ki gen eksperyans ak/oswa eksperyans ak/oswa konesans nan domèn edikasyon, trening oswa anplwaye moun ki gen andikap; ak
  • Yon (1) elèv dènye ane lekòl segondè ki pa ka vote epi k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal.

Èske paran yon elèv ki nan distri 75 nan moman an ka manm nan CCSE a?

Wi. Anreyalite, de(2)nan nèf(9)paran manm yo dwe se paran ki k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal nan moman an nan yon lekòl distri 75.

Kilè yo detèmine eligibilite?

Yo detèmine elijiblite apati dat paran an soumèt yon aplikasyon pou l poze kandidati l pou yon pòs nan CCSE a.

Kòman ak kilè mwen ka aplike kòm manm nan CCESE?

Pandan Pwosesis seleksyon 2013 la, ou ka aplike pou vin manm nan CCSE LA A (nan dat 13 fevriye 2013 oswa apre). Pwosesis aplikasyon an ap fini 13 mas a 11:59 pm. Pou moun ki pa gen yon konpitè pèsonèl, Division of Family and Community Engagement (FACE) ap bay enfòmasyon sou fason moun ka jwenn konpitè nan biwo FACE la, nan biwo distri bò lakay yo ak nan lekòl yo ak nan bibliyotèk piblik yo.