KESYON MOUN POZE SOUVAN FREQUENTLY ASKED QUESTIONS (FAQ)

KÒMAN PWOSESIS CHWA A FONKSYONE?

Kòman y ap chwazi paran manm CEC yo ak Konsèy edikasyon vil la?

Pou CEC – Se selektè ki nome yo k ap chwazi paran manm yo pandan yon Vòt selekè Selector’s Vote fè ant 1ye me ak 14 me 2013. Prezidan PA/PTA a, sekretè a ak Trezorye(oswa lòt reprezantan yo) pou chak lekòl nan distri lekòl kominote a pou vote nan Selector’s Vote.

Pou CCHS – Se selektè ki nome yo k ap chwazi paran manm yo pandan yon Vòt selekè Selector’s Vote k ap fèt ant 1ye me ak 14 me 2013. Prezidan PA/PTA a, Sekretè a ak Trezorye a(oswa lòt reprezantan yo chak)pou chak lekòl segondè nan chak borough ap elijib pou vote nan Selector’s Vote la.

Pou CCEL – Se selektè ki nome yo k ap chwazi paran manm yo pandan yon Vòt selekè Selector’s Vote k ap fèt ant 1ye me ak 14 me 2013. Konsèy Prezidan Presidents' Council (PC) pou chak distri lekòl kominotè, borough ak distri 75 ap chwazi chak yon paran elèv ELL pami manm li yo kòm selektè pou eleksyon nan CCELL la. Si pa ta gen yon paran yon elèv ELL ki elijib kòm manm PC a, PC a ap mande paran elèv ELL nan distri oswa borough a ofri sèvis yo kòm selektè volontè pou eleksyon nan CCELL la.

Pou CCSE – Se selektè ki nome yo k ap chwazi paran manm yo pandan yon Vòt selekè Selector’s Vote k ap fèt ant 1ye me ak 14 me 2013. Konsèy Prezidan Presidents' Council (PC) pou chak distri lekòl kominotè, borough ak distri 75 ap chwazi chak yon paran elèv ki gen IEP pami manm li yo kòm selektè yo chwazi pou eleksyon nan CCSE a. Si pa ta gen paran yon elèv ki gen yon IEP ki elijib kòm manm nan PC a, PC a ap mande paran elèv ki gen IEP nan distri oswa borough a ofri sèvis yo kòm selektè volontè pou eleksyon nan CCSE a.

Pou Konsèy distri 75 – Se selektè ki nome yo k ap chwazi paran manm yo pandan yon Vòt selekè Selector’s Vote k ap fèt ant 1ye me ak 14 me 2013. Prezidan PA/PTA a, Sekretè a ak Trezorye a(oswa lòt reprezantan yo chak)pou chak lekòl distri 75 ap elijib pou vote nan Selector’s Vote la.

SONJE: Nan kèk ka, li ka nesesè pou fè yon dezyèm tou eleksyon apre 14 me 2013. Lè sa nesesè, dezyèm tou eleksyon yo ap fèt ant 16 me ak 21 me.